Lise Pinchinat Jakmèl nan yon eta deplorab

Lise Pinchinat Jakmèl, yon lekòl ki gen yon gwo istwa nan edikasyon nan sidès peyi dAyiti, ap fè fas ak yon sitiyasyon alaman kote estrikti lekòl la nan yon eta deplorab.

Depi plizyè ane, elèv ak pwofesè ap lite ak yon batiman ki ap finn kraze sou yo, kote mi yo pouri, masonn dekape, ak fè yo parèt deyò.

 

Malgre ouvèti ofisyèl lekòl la depi plis pase de semèn, elèv yo oblije rete lakay yo, san okenn solisyon rapid pou retou nan klas yo. Nan kondisyon sa yo, lekòl la merite kraze nèt pou yo ka konstwi yon nouvo espas ki ka aksepte elèv yo san danje. Yo anonse ke travay pou mete sal klas yo ap kòmanse, men an atandan, lavi lekòl la kanpe.

 

Quitter la version mobile