Minis Edikasyon nasyonal la onore 75 lane egzistans Edisyon Kopivit L’Action Sociale

Nan kad selebrasyon 75 ane Egzistans Edisyon Kopivit L’Action Sociale, nan jounen Madi 16 Janvye 2024 la, minis Edikasyon Nasyonal la te onore pou kalite travay li nan transformasyon sistèm edikatif la, espesyalman nan pouse lang kreyòl la pran plas li andedan lekòl yo.

Delegasyon Kopivit L’Action Sociale la te remèt 2 plak “onè ak merit” bay minis la, reflete rekonesans enstitisyon sa a pou sipò li nan travay sa a.

Gérard Marie Tardieu, Prezidan-direktè jeneral Kopivit L’Action Sociale, nan deklarasyon li, te swete siksè pou 7 objektif priyorite ministè a, soti nan preskolè rive nan segondè, pandan lane 2024 la. Li ankouraje minis Manigat kontinye efò pou fè lang kreyòl la reyonnen kouwè solèy pou Ayiti.

Li te soulaje kèk pwen kote MINEDUC ka devlope lang kreyòl la pi byen, tankou seremoni omaj pou elèv 9èm ane fondamantal ak segondè 4, pwodiksyon dokiman an kreyòl, kreyasyon pri Joseph Charles Bernard, ak enklizyon kreyòl nan kourikoulòm fòmasyon lekòl nòmal ak lekòl sekretarya yo.

Elèv yo, Sherly Kedo, Djatoubaï Fredritch, ak Djermicey Taïs Michel, te pran lapawòl pou remèsye minis la epi pwomèt kontinye pale kreyòl san wont ni jennen.

Atis Joseph Canel (Dyo) ak Joseph Jean-Jacques (Ti Jak) te pote vwa ak nòt gita pou chante nan lwanj lang kreyòl la.

Minis Nesmy Manigat, nan reyaksyon li, te fè konnen li tre kontan pou onè sa a epi l ap kontinye sipòte devlopman lang kreyòl la nan sistèm edikatif Ayiti.

Pandan seremoni a, Gerard Marie Tardieu remèt minis la yon katalòg ki gen 123 liv kreyòl ki ekri pa li epi lòt ekriven.

EEM

Quitter la version mobile