DOSYE KORIPSYON MOVE LODÈ NAN DEPATMAN NIP LAN

Ta sanble selon yon sous ke m ka fè anpil konfyans dosye KORIPSYON Nip lan rive nan kabinè minis lan depi kèk semèn. Sepandan okenn desizyon konkrè pako soti. Nou konprann ki enpòtans MENFP akòde ak egzamen Leta yo, donk kapab te manke tan pou trete l. M bay MENFP benefis dout nan ka sa a ke se pa kite yo kite dosye a ap trennen. Sepandan nou konnen tou kapab gen anpil paramèt ak enterè inavwe oswa inavwab ki ka fè MENFP fèmen je sou dosye sa a. Men se t ap pi move siyal MENFP t ap voye nan tout 10 depatman eskolè peyi a k ap suiv dosye sa a de trè prè. MENFP t ap montre ke li bay KORIPSYON anpil jarèt.

Ou ka jwenn gen moun nan otorite MENFP yo ki di: kòm mesye a pa direktè depatmantal ankò; gen dwa se koze pèsonèl Enspektè a ap regle avèk li; fòk nou sovgade entegrite direktè a ki pral nan eleksyon pou senatè; administrasyon MENFP sa a pa konn pou konbyen tan l la, ann kite l pou lòt k ap vini an; sa ki pase tou pase, ann rankontre direktè a ak Enspektè ki pote plent la sèlman, ann dezafekte fonksyonè ki nan lekòl la sèlman… tout se desizyon/agiman ki ka parèt yon mannyè pou neglije dosye a. Men 10 depatman yo ap founi je gade.

Direktè depatmantal la nan diskou adye li te mansyone ke li te fè 3,000 niminasyon pou depatman Nip pandan anpil sal klas gen anseyan k ap travay depi plizyè lane san yo pa janm nome. Poutan anpil moun li nome pa nan pòs. Paregzanp 2 pitit li yo te ap touche lajan Leta pandan yo te nan fakilte. 3, 000 nominasyon an posib nan kad lojik ak politik elektoral direktè a t ap aplike a nan tèt direksyon depatmantal la. Nome plis moun posib se pa pou bezwen sistèm edikatif la non; men se pou kapab fè anpil vwa nan eleksyon. Direktè a te administre direksyon depatmantal la tankou pati politik li. Nan Nip ou kapab jwenn pil lekòl ki pa menm klotire epi ki gen pil ajan sekirite. Gen lekòl ki gen plis ke 12 ajan sekirite ladan yo. Ta sanble se yon lame nèg yo tou kreye pou bezwen elektoral yo.

Yon moun te mèt kalifye epi konpetan, depi w pa nan ekip direktè sa a, ou pap nome. 3000 nominasyon sa yo ak konplisite kiyès yo rive fèt ? Èske se direktè a ki siyen lèt nominasyon yo? M pa kwè. Se yon dosye ki kapab gen anpil anterè kache ladan l. Se sa ki fè fòk nou veye pou dosye a pa mouri nan wo nivo l ye la a. Eske se tout direktè depatmantal ki te gen posiblite nome 3,000 moun pou depatman pa yo a? Kòman fè vàn nominasyon sa a te louvri pou direktè depatmantal Nip lan sèlman ?

Eske OMRH o sèvis MENFP tou souple? èske minis ak DG MENFP lan te gen kontwòl sou nominasyon sa yo ?
Plis MENFP pran tan pou trete dosye sa a, se plis il bay enpresyon li vle toufe l; se plis li bay enpresyon ke li pa gen pwoblèm ak KORIPSYON.

JMG

Quitter la version mobile