An janvye 2022, Minis Edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, anonse itilizasyon liv eskolè inik an kreyòl nan 1e ak 2e ane fondamantal. Daprè minis lan, desizyon sa a pran nan sousi pou: redwi fenomèm lekòl ak plizyè vitès la; bay timoun yo plis chans pou yo reyisi lekòl; soulaje pòch paran yo ki p ap oblije achte yon pakèt liv pou yon ane lekòl, ni pa p oblije peye yon ane lekòl 2-3 fwa paske itilizasyon lang manman an pral pèmèt timoun yo reyisi pi byen.
Poutan anpil moun nan sektè edikatif la ak popilasyon an pa aksepte dezisyon sa a yo panse ki pral bay plis echèk nan lekòl yo….Anpil nan yo kwè aprantisaj an kreyòl la pral anpeche “pitit pèp” la pale fransè paske daprè yo menm se sèl nan lang fransè timoun yo ka aprann bon bagay. Yo di tou pwojè liv inik la pral lakòz “gwo ekriven ak bizisman onèt ki ekri liv an fransè” fè fayit. Pou yo, desizyon sa a pral kraze lekòl prive yo paske yo pa p ka fè komès liv ankò nan lekòl yo.
Nan ki lang yon timoun ta dwe aprann lekòl? Eskè yon liv inik an kreyòl vle di edikasyon orabè? Ki konsekans ekonomik liv inik la ap genyen sou aktè k ap evolye nan sistèm edikatif ayisyen an?
Depi lane 1950, yon bann espè Organisation des Nations Unies pour l’Éducation, la Sciences et la Culture (UNESCO), aprè yon pakèt travay espè sou kesyon lang nan ansèyman fè konnen ke lang manman se pi bon (lang) mwayen pou timoun aprann lekòl.
Nan lane 1982, Refòm Sistèm Edikatif Ayisyen an ki gen ti non Refòm Bèna, a pati tout etid ak rechèch ki fèt sou enpòtans lang manman an, mete lang kreyòl la kòm objè ak enstriman ansèyman nan 4 premye ane fondamantal la. Refòm sa a byen presize ansèyman nan lang kreyòl la pa voye lang fransè a jete. Timoun nan ap gen pou aprann toulède lang yo ansanm nan lide pou li ka bileng sa vle di ka esprime l ni an kreyòl ni an fransè san pwoblèm. (La Réforme Educative, p 37-38)
An 2010,Groupe de Travail sur l’Éducation et la Formation (GTEF) nan yon etid benevòl, refè men rekòmandasyon sa yo : mete kreyòl kòm land ansèyman nan 2 premye sik fondamental yo toujou pou pèmèt elèv yo vin fonksyonèl nan toulède lang ofisyèl peyi a. (Pour un pacte Nationale sur Éducation, p 41)
Plan Opérationnel 2010-2015, nan kad restriktirasyon kourikouloum ak pwogram yo, prevwa elabore de estrateji amenajman lengwistik pou fasilite timoun yo itilize toulède lang yo menm jan nan aprantisaj yo. (Plan Opérationnel 2010-2015, p 57)
Menm rekòmandasyon sa a fèt tou nan ajanda 2030 ODD- Objektif Devlopman Dirab yo, kote yo ankouraje miltilengwis men yo mande pou sa kòmanse avèk lang manman timoun nan.
Kidonk, pi bon lang pou timoun nan aprann pi byen lekòl se lang manman. Timoun nan pa fè menm efò pou l aprann lang manman an menm jan li fè sa pou yon lòt lang. Daprè lengwis yo, ant 3 rive pou 9 lane, timoun nan ka aprann plizyè lang. Toutfwa, anpil rechèch montre li paka fè sa san li pa kòmanse ak lang manman an. Yon lang li tande, ki nan bouch li maten, midi, swa. Yon lang li konprann avan menm li ale lekòl paske se li moun lakay li ak majorite popilasyon kote li fèt ak grandi a pale. Konsa, anvan menm li al lekòl, li gentan genyen sa lengwis yo rele gramè mantal la ki pèmèt li konprann epi kominike san pwoblèm ak anviwònman l. Se sa ki fè, lè li aprann ladann reyisit li ak aprantisaj li pi asire pase lè li aprann nan yon lòt lang. Nan yon etid sou ansèyman nan lang manman ki pibliye nan lane 2013, Kanpay Mondial pou Edikasyon esplike lè konsa timoun nan devlope bon jan konpetans nan lekti ak ekriti aprè 2 lane aprantisaj. Tandiske lè l ap aprann nan yon lòt lang li pran anviwon 5 lane aprantisaj.
Lekti ak ekriti se de (2) aktivite konplèks ki fè sèvo a travay anpil. Yo mobilize sa gwo save yo rele kapasite koyitif lakay timoun nan pou li reflechi, kapte enfòmasyon yo, konsantre l sou yo, konprann yo, kenbe yo nan tèt li epi ka ale chèche yo lè l bezwen yo.
Lekti ak ekriti se de konpetans ki enpòtan anpil paske yo transvèsal nan aprantisaj, sa vle di w ap bezwen yo nan tout sa w ap genyen pou aprann. Kidonk yon sistèm edikatif ki vle timoun yo reyisi pa ka kite, jan etid Kanpay Mondyal pou Edikasyon an esplike sa, se jous lè timoun nan nan 5e ane aprantisaj li pou li devlope konpetans nan de disiplin eskolè sa yo, alòske y ap gentan gen bezwen yo avan pou yo aprann nan tout lòt matyè yo. Menm etid sa a esplike tou, lè timoun nan al kwaze lekòl la ak yon lang li pa konnen ; paske li pa pale l, li pa tande l vre nan anviwònman l, yon lang li oblije degaje l pou l ‘‘konprann,’’ paske jan etid la di l la sa ap pran 5 lane aprantisaj, pou l konprann li ; li gen plis risk pou l pa ka travay byen lekòl, pou l double klas epi finalman kite lekòl avan lè paske l pa ka pa pase. Poutan, lè aprantisaj la fèt nan lang manman an, non sèlman li aprann epi reyisi pi byen, li vin pi fasil pou l aprann nan yon dezyèm lang, paske li gen referans lang manman an deja. Kidonk lè lekòl la fèt an kreyòl la li pa p anpeche timoun yo pale bon fransè, okontrè plis timoun nan nan laj kritik plis li ka aprann lòt lang men li dwe kòmanse ak lang manman an.
Kidonk, anplis de tout lòt pwoblèm estriktirèl nan sistèm edikatif ayisyen an, lang ansèyman an se youn nan gwo esplikasyon tout echèk, double, depèdisyon eskolè, analfabetis ak iletris, ki genyen nan sistèm nan. Lè timoun nan ap aprann an fansè, yon lang majorite elèv ayisyen plis tande lekòl, yo pa metrize, li gen non sèlman pou l konprann konsèpt ki lye a diferan matyè li gen pou l aprann yo, men an plis tou li dwe konprann lang ansèyman an. Toutotan li pa metrize lang ansèyman an, l ap gen difikilte pou l aprann ladan.
Se tout rezon sa yo, ki te pouse Ministè Edikasyon Nasyonal fè egzijans pou liv inik 1e ak 2e ane yo fèt nan lang kreyòl. Ministè a te fè anpil egzijans tou pou liv inik yo respekte pwogram ofisyèl ministè a. Yon bagay ki pa toujou repekte nan anpil liv y ap itilize sou mache a. Nan lane 2018, yon etid, Institut Haitien de Formation en Sciences de l’Éducation (IHFOSED) te fè sou manyèl eskolè k ap itilize nan sistèm edikatif ayisyen, esplike pifò liv ki sou mache a entèprete sa ki nan pwogram ofisyèl yo jan yo vle. Menm travay rechèch sa a fè konnen tou pami tout liv sa yo, se sèlman 28.49% nan yo ki omologe. Pami sila ki omologe yo gen liv fransè kou kreyòl. Kidonk pwoblèm aprantisaj nan lang kreyòl la pa poze vreman paske anvan minis lan te deside pou liv inik yo fèt an kreyòl, te deja gen liv kreyòl omologe k ap itilize nan sistèm nan. Liv inik, yo fèt sou 5 matyè de baz nan kourikoulòm lekòl fondamantal : kreyòl, fransè, matematik, syans sosyal ak syans esperimantal ki chita sou sòk komen konpetans de baz yo daprè pwogram ofisyèl yo. Donk, liv inik lan pa vle di edikasyon orabè. Chak liv yo, nan 1e ak 2e ane, gen tout sa yon timoun dwe aprann pou l genyen tout konesans li sipoze posede nan klas sa yo. E nou pa p sispann di sa kòm l ap aprann konesans sa yo an kreyòl anvan, l ap pi fasil pou li pou l konprann yo pi byen. L ap rive kapte yo san pwoblèm epi rive transfere yo pi byen an fransè. Paske nou di l deja, ansèyman an kreyòl la pa anpeche, ni deranje aprantisaj nan lang fransè men pito ranfòse l jan etid ki fèt sou sa esplike l.
Pou tout sa rive fèt, ministè a deside li menm achte liv sa yo nan men tout mezon edisyon ki te reponn appèl dòf sou liv inik la epi ki te respekte tout ezijans pedagojik ak lengwistik ministè a. Nan yon entèvyou minis la te bay jounal nouvelis ki pibliye 19 jiyè 2022, li esplike leta ap bay tout etablisman eskolè, piblik kou prive, liv inik 1e ak 2e ane yo. Lekòl yo ap prete elèv yo liv sa yo ke y ap genyen ou remèt nen fen ane a. Chak liv sa yo ap gen yo dire vi 3 lane. Sa ki vle di lòt ane, p ap gen apèl dòf pou liv 1e ak 2e ane yo. Si sèten aktè, ki enplike nan sistèm edikatif la, tire pye pou desizyon sa a ki vle mete tout liv inik yo disponib pou tout timoun ki nan laj pou sa ale lekòl pandan ane eskolè 2022-2023, li pral yon gwo soulajman ekonomik pou paran ayisyen. Non sèlman, yo p ap genyen pou depanse yon goud nan achte pil liv lekòl, anpil fwa timoun nan pa menm itilize vre, men li rezoud tou youn nan gwo pwoblèm sistèm nan ki se aksè ak bon kalite liv pou aprann. Leta ayisyen tou, jan minis la te dil nan menm entèvyou sa a, genyen tou, paske l ap sispann sibvansyone ak fè donasyon liv ki anpil fwa rete nan depo. Malgre tout sa kèk moun vle fè kwè, se pa leta sèlman ak paran yo k ap genyen nan kesyon liv inik sa a. Desizyon sa a, jan yo ta vle fè l kwè la pa ka lakòz fayite ni ekriven ni bizisman ki fè liv an fransè nan sistèm nan. Leta pa anpeche yo pwodui liv sa yo paske jan nou di sa deja aprantisaj an kreyòl la pa elimine aprantisaj an fransè. Menm si leta ayisyen egzije itilizasyon liv inik la li pa anpeche direksyon lekòl yo mete nan bibliyotèk yo lòt liv nan toulède lang yo pou ranfòse kapasite anseyan yo jan sa fèt tout kote. Li pa anpeche tou yon paran ki vle sa itilize lòt liv pou akonpaye piti li lakay li. Anplis de sa, anpil nan ekriven an biznisman sa yo pra l genyen chak 3 lane pou, depi yo respekte egzijans yo, pou yo vann leta ayisyen liv pou tout timoun ki sou teritwa nasyonal la. San konte liv yo pral kontinye vann pandan tan sa a chak ane. Sou kesyon komès liv k ap fèt nan direksyon lekòl yo, nou p ap menm ret sou sa paske tout moun konnen se pa misyon ankenn lekòl.
Nan yon peyi kote to eskolarizazyon fèb anpil, kote to dekrochaj, analfabetis ak iletris pa sispann ogmante; desizyon pou pèmèt timoun yo aprann nan lang manman pou yo reyisi pi byen epi rete plis lekòl, pou leta founi timoun yo bon kalite liv pou aprann, ta dwe yon soulajman, pou nou pa di yon kontantman pou tout moun nan sektè edikasyon an ak popilasyon an. Malerezman, anpil moun ki manke konprann desizyon an vle boykote l pou l pa aplike. Ministè a dwe pran dispozisyon pou l esplike tout aktè ki enplike nan sistèm nan, kidonk nan desizyon sa a tou, tout benefis desizyon sa ap pote nan sistèm edikatif la, jan nou sot esplike sa. Refòm sistèm edikatif ayisyen ap trennen depi 1982. Li lè li tan pou li komanse aplike. Se vre, sistèm nan gen anpil pwoblèm, desizyon sa p ap rezoud tou. Men li ap pote gwo solisyon nan pwoblèm lang aprantisaj, nan pwoblèm bon kalite liv pou timoun yo aprann nan ak gwo soulajman nan ekonomi paran yo sou kesyon achte pil liv yo.