LANGUES CREOLES : DESCRIPTION, ANALYSE, DIDACTISATION ET AUTOMATISATION

Atik sa reprezante chapit 5 nan liv « Langues créoles : description, analyse, didactisation et automatisation ». Tit li se Rèv Yves Dejean, rèv mwen, rèv ou, rèv nou : « … pou solèy ledikasyon rive klere an kreyòl 1 … ». Otè a se Michel DeGraff, Pwofesè, MIT Linguistics & Philosophy. Manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen. Direktè Inisyativ MIT-Ayiti.

Premye pati atik la komanse ak yon omaj pou travay Yves Déjean pou pwomosyon lang kreyol lan nan zafè lekol.

« An n sonje rèv Yves Dejean : lekòl tèt an wo pou peyi tèt an wo. Onè ! Respè ! »

Degraff (2021) explike orijin atik la konsa « Atik sa a ranmase pawòl nan 2 konferans kote mwen ak plizyè lòt kolèg te gen opòtinite onore Pwof. Yves Dejean. Si m ka kanpe nan konferans, nan lokal Etid Pòs Gradye Inivèsite Leta d Ayiti (« Université d’État d’Haïti », egal « UEH ») epi nan Brooklyn College devan yon gwoup kreyolis, pou m fè prezantasyon an kreyòl, se gras a Yves Dejean. Epi chak grenn atik syantifik m ekri an kreyòl, se yon gwo mèsi pou Pwòf Yves Dejean (« Papa Iv ») paske se li ki te pi plis ede m devlope kapasite sa a pou m ekri sou lengwistik an kreyòl. » Men analiz teqs konstitiye youn veritab pledwaye pou itilizasyon kreyol nan sal de klas de fason ke lekol la sispann  rete youn  « lekol tèt anba pou yon peyi tèt anba ».

HOMMAGE À YVES DEJEAN ET À PIERRE VERNET 2021, PRESSES UNIVERSITAIRES DE LA MEDITERRANEE

Quitter la version mobile