A pati de nòt sa, mwen Norbert Stimphil, mande piblikman ULCC pou li retire non mwen nan rapò li pibliye sou koripsyon nan mwa Novanm 2023, pou 14 rezon sa yo:
1- ULCC di mwen siyen yon kontra 82 mil dola pou kont mwen san Minis la. Atik 2 nan tèm de refarans kontra mwen di se mwen ki siyen tout kontra pwojè a. Ki donk, pa genyen okenn fot.
2- ULCC montre a klè li pa konnen anyen nan pwosedi jesyon lajan Bayè de Fon yo konsènan Pwojè EPT.
3- Mwen pa konsène pa sijè koripsyon ULCC ap pale de li a. ULCC sèlman foure non mwen nan rapò a,
alòske li pa jwenn mwen fè okenn zak koripsyon.
4- Si yon moun ta siyen yon kontra pou kont li kote ta dwe genyen moun ki sou tèt li a ki ta dwe siyen
avèl men ki pa siyen, sa se yon fot administratif, se pa yon zak koripsyon si moun nan pa benefisye okenn avantaj de sa. Si yon Bagay konsa te rive nan EPT, Bank Mondyal pa tap bay « non objeksyon », kontra sa pa tap pase, lajan sa pa tap ka dekese.
5- ULCC pa jwenn mwen te benefisye okenn avantaj sou kontra anyèl lwaye kay la. O kontrè, se bese mwen fè bese pri lwaye a. Avan mwen te rive nan tèt pwojè a, se 96 mil dola lwaye a te ye. Mwen ekzije propriyetè a bese pri a rive 82 mil dola, alòske mèt kay la te vle ogmante pri a pou li fè Pwojè a peye 120 mil dola pa ane. Kay nap pale de li a, se kay kote Pwojè Bank Mondyal, BID, Partenarya Mondyal pou Edikasyon, peyi Canada, ki rele EPT a te loje. Mwen pa konsène pa dosye kay Ministè a lwe pou mete biwo li.
6- ULCC pa al gade Akò Finansman Pwojè EPT. Li pa al gade Tèm Referans Koòdonatè Jeneral la. Li pa konsilte Manyèl pwosedi ak jesyon pwojè EPT a. Si li te fè sa, li tap konnen, li tap konprann ke se Koòdonatè Jeneral la menm ki dwe siyen tout kontra yo, SE PA MINIS LA.
7- Plis toujou, ULCC pa fè youn menm nan tout bagay mwen pral site yo ke li te dwe fè :
a. Li pa kontaktem pou chache esplikasyon sou sa li pa konnen, sou sa li pa konprann ;
b. Li pa kontakte Pwojè a pou verifye okennn dokiman. Propriyetè a fè pati de menm pouvwa kap pèsekitem nan paske map konbat koripsyon. Yo itilize kontra li genyen nan men li a, paske
avan se minis la ki te konn siyen li;
c. ULCC pa konsilte rapò odit endepandan Pwojè a, ki montre ke Pwojè a byen jere;
d. ULCC pa kontakte Bank Mondyal ki reskonsab sipèvizyon ak jesyon Pwojè a, pou verifye si
genyen iregilarite.
8- Jan yo mete non Mwen nan rapò ULCC a, montre ke se yon moun ki pwofite yon okazyon, pou li glise non mwen nan rapò a, san mwen pa genyen anyen pou wè ak ni koripsyon, ni fot administratif. ULCC dwe chache konnen ki moun nan mitan li ki fè zak kriminèl sa, pouki rezon li fè sa, epi pou pran sanksyon kont li.
9- Poutèt mwen tap konbat koripsyon nan Pwojè EPT a, pouvwa te debake lakay mwen Kanapevè, jou Dimanch ki te 29 Oktòb 2017 la, pandan nou te nan dòmi, a 5h17 nan maten pou ale asasinenm ak tout fanmi mwen. Rapò DCPJ a montre yo tire plis pase 400 bal ak gwo zam lagè sou nou. Tout anndan
kay mwen genyen dega bal yo fè. Ni machin pam, ni machin madanm mwen kraze nèt ak bal. Gouvènman pa fè anyen nan sa, okontrè, enfòmasyon ki tap sikile te fè konnen yo ratem, yap vin aretem pou al touyem nan penitansye nasyonal. Se sa ki fè mwen te oblije pran ekzil ak tout fanmi mwen. Donk, depi 6 zan mwen an ekzil paske mwen tap konbat koripsyon. Pakè ak lajistis poko janm fè swivi plent mwen te depoze a, a travè kabinè avoka mwen depi 6 zan.
10- Avan pouwa te al asasinenm ak fanmi mwen, li te fè anpil tantativ pou revokem nan tèt Pwojè a, a travè palman epi nan presyon yo tap fè sou Minis edikasyon an. Gouvènman te menm voye bay Minis la 2 moun diferan a 2 repriz pou li al enstale nan plas mwen nan tèt Pwojè a. Men, Minis la te genyen kouraj pou li di siperyè li yo, pwosedi yo pa pèmèt sa. Premye fwa, se Premye Minis la ki te voye moun pa li; dezyèm fwa se Prezidans la ki voye moun pal.
11- Paske mwen te oblije mèt kay la diminye pri lwaye a, li ekri Pwojè a pou mande lokal la. Mwen fè li
repons pou di li ki delè la lwa bay Pwojè a pou kite lokal la a pati de dat li mande li a. Pwiske li konstate delè a long, li pran randevou nan biwo a, li vini kotem. Li esplikem fòk nou bali espas la tou swit, paske yo bezwen li pou fè pakin pou jimnazyòm ki a kote a (jimnazyòm Olivier Martelly a). Mwen te di li nap respekte sa lalwa di, paske yon biznis prive paka gen priyorite sou yon pwojè denterè nasyonal. Mwen pran ekzil, epi yo pa pran tan pou rekipere lokal la. Yo fè Pakin nan ladan !
12- Bank Mondyal ak BID te an dezakò ak pouvwa sou zafè sa. Yo te pote solidarite yo ban mwen e yo te mandem pou mwen kontinye dirije pwojè a, a distans an atandan mwen retounen. Reprezantan yo te pase plizyè mwa ap diskite ak Gouvènman pou fè li tande la rezon. Yo te pibliye pozisyon yo nan Jounal LeNouvelliste.
13-Bank Mondyal, BID, Partenarya Mondyal pou Edikasyon, Bank Devlopman Karaib te anonse Gouvènman yo pral mete plis pase 350 milyon dola nan nouvo projè nou te fèk lanse a ki rele PEQH (Pour une Éducation de Qualité en Haïti), a koz de bòn jesyon ak kapasite pou depanse lajan epi pote bon jan rezilta mwen menm ak ekip mwen te devlope nan EPT. Nouvo pwojè a, PEQH, te vize pou fè tout lekòl piblik yo vin tounen lekòl de kalite jan sa te ye lontan. Fwa sa, se nou menm Ayisyen ki te deside ki sa nap fè. Se tout direksyon teknik Ministè a, direksyon jeneral, direksyon depatmantal yo, Minis la, avèk akonpagneman kad EPT yo, ki te konsevwa epi prepare nouvo pwojè sa. Bayè de fon yo te di yo pap bay lajan sa ankò si Gouvènman pa korije sak pase a.
14- Lè Gouvènman tande sa, li rantre nan negosyasyon avèm pa telefòn, à travè youn nan manm enpòtan li yo. Yo mandem pou mwen retounen vini kontinye dirije pwojè a, yap ban mwen lojman ak sekirite, pou mwen kite madanm mwen ak pitit nou yo aletranje. Mwen di NON. Paske, mwen te byen konprann ke se lajan yo te bezwen, se itilize yo te vle itilizem.
A pati de 14 eleman sa yo ki pote limyè pou ULCC ak pou tout popilasyon an, ULCC dwe rann li kont ke li fè yon erè ki grav anpil, lè li foure non mwen nan yon rapò koripsyon san mwen pa konsène. Mwen mande ULCC pou li fè korije rapò a epi pibliye yon nòt eskiz. Si li pa fè sa, map pran mezi pou defann onè ak dinyite mwen menm ak tout fanmiy mwen.
Nòt sa fèt nan jou lendi 27 Novanm 2023.
Norbert Stimphil,
Ansyen Koòdonatè Jeneral EPT/PEQH