Nan kad jefò pou amelyore kalite edikasyon an Ayiti, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) òganize yon atelye refleksyon pandan 5 jou, soti lendi 27 novanm pou rive vandredi premye desanm 2023. Tematik priyorite atelye a se “Amenajman lengwistik ak apwòch pedagojik pou devlope konpetans kay elèv yo.”
Atelye sa a vize reflechi sou defi ak opòtinite ki soti nan nouvo kad oryantasyon kourikoulòm nan peyi a, espesyalman sa ki gen pou wè ak lang, metòd pedagojik, fòmasyon anseyan, evalyasyon konpetans elèv yo, ak planifikasyon pwogram etid yo.
Lè l’ap lanse ofisyèlman atelye a, Minis Edikasyon Nasyonal, Nesmy Manigat, mete akan sou sa ki gen pou wè ak aplikasyon miltilengwis nan lekòl yo. Minis lan pataje estatistik ki montre jan lekòl yo pa bobo ak defi sosyete a pou pran wout devlopman. Li te mete fokis tou sou sa nouvo Kourikoulòm nan ofri, ki pwoteje lang kreyòl nan tout nivo nan lekòl, kòmanse nan preskolè jouk segondè 4. Nouvo oryantasyon sa a pwomèt devlopman dirab ak preparasyon jèn yo pou metye ki gen rapò ak lanmè, kòm sitou espas ekonomik. Minis Manigat kwè nouvo kad oryantasyon kourikoulòm nan se yon gid ki montre kijan lekòl Ayisyen dwe fòme jèn yo pou viv ansanm nan lapè epi ak respè.
Anplis, prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA), Rogeda Dorcé Dorcil, ki t’ap prezante nan atelye a, te pwofite fè rapèl sou pwotokòl akò ki te siyen ant AKA ak MENFP nan mwa jiyè 2015. Li te felisite Minis Manigat pou efò lap fè pou bay lang kreyòl la plas ki li merite nan sistèm edikatif Ayisyen an.
Reprezantan Biwo Entènasyonal Edikasyon an, Amapola Alama, ki te la pandan atelye a, salye epi ankouraje jefò Ministè a. Li fè konnen enstitisyon sa a, ki sòti nan kad UNESCO, ap kontinye sipòte sistèm edikatif Ayisyen an, ak yon fokis sou kalite ak enklizyon.
Khadim Sylla, ki reprezante Biwo UNESCO nan peyi a, mete aksan sou enpòtans 5 jou atelye sa a nan devlopman peyi a. Atelye a te gen twa panèl ki te diskite sou kad oryantasyon kourikoulòm, miltilengwis fonksyonèl, ansèyman anglè ak espanyòl, ak plizyè lòt pwoblèm ki gen rapò ak edikasyon ann Ayiti.
Apre dezyèm jounen atelye a, ki te konsakre a diskisyon sou amelyorasyon kad oryantasyon kourikoulòm la, atansyon a te pote sou amenajman lengwistik pou yon miltilengwis fonksyonèl nan lekòl Ayisyen, pwoblèm sou ansèyman bileng ak plirileng, ak zouti ak sipò pou amenajman lengwistik.
EEM