SISTÈM EDIKATIF PEYI A AJENOU (1)

Edikasyon peyi n ajenou. Pou nou kore fè sa a, nan tout aspè ki lakoz yo, n ap konsidere sèlman 2 ladan yo. 2 aspè sa yo se katastwòf natirèl, patikilyèman tranblemann tè 12 janvye 2010 la ak sa 14 dawout 2021 an, ak twoub sosyopolitik k ap bwase bil peyi a, n ap konsidere twoub politik aprè lane 2010.

Gen yon bann pwovèb nou gen abitid tande. Pwovèb sa yo makònen devlopman yon peyi pa rapò ak sistèm edikatif li, kòm kwadire yon peyi pa ka devlope san yon sistèm edikatif efikas. Nan tout sa nou konn tande yo, nou vini ak 3 nan tèks sila a. Men yo : premye a se “Edikasyon se kle siksè ak devlopman”; dezyèm nan se:” Tank lekòl la valab se tank sosyete a ap solid”; twazyèm nan se:” Se edikasyon ki ka leve yon nasyon atè a”. Si pwovèb sa yo ta gen yon valè ki vre tout bon vre, gen rezon pou nou ta enkyete de avni peyi nou an ki se Ayiti, puiske pako gen yon sistèm edikatif ki bay anpil lespwa.

Depi lane 2010, n ap konstate yon ansanm evènman malere k ap tonbe sou peyi nou, kit se katastwòf natirèl, kit se twoub sosyopolitik. Tout vin mete sistèm edikatif la plis ajenou.

Tankou nan anpil lòt sektè anpil moun nan sistèm edikatif la te jwenn lanmò yo nan kondisyon nou tout te sonje nan 2 dènye tranblemann tè vant mare yo. Te gen anpil moun ki te kalifye, konpetan, konsekan enpòtan pou sistèm nan ki te fè vwèl pou peyi san chapo anba dekonb. Se te yon evènman malere ke pèsonn pat ka anpeche, sèlman sistèm edikatif la te dwe pran yo kòm yon gwo egzanp pou te anpeche lekòl konstui nenpòt ki fason, nan nenpòt kondisyon.

Nan tout direksyon depatmantal yo gen yon seksyon ki batize “jeni eskolè” ki ta la pou voye je sou kesyon sa a, sa vle di veye sou kondisyon ak fason moun ap konstui lekòl yo nan tout peyi a. Sepandan nou konstate lekòl yo kontinye konstui, repare san respekte prensip parasismik yo. Malerezman se yon aspè ki sanble neglije.

Apre sa ki te pase 12 janvye 2010 la, pèsonn pa ka bliye 14 dawout 2021 ki te kraze anpil lekòl nan depatman Sidès, Nip, Sid ak Grandans, men Dye mèsi se te nan vakans. Sa te fè anpil elèv ak anseyan pat mouri nan lekòl yo, men sa pat anpeche ke yo te viktim lakay yo sou tout fòm. Genyen ki te mouri lakay yo; genyen ke kay yo te efondre ki pa sove anyen epi sa te vin rann sa nou ta rele enfrastrikti eskolè a te disparèt a plis ke mwatye.

Lè nan yon peyi gwo katastwòf natirèl sa yo pase, Leta ta sipoze fè priz an chaj sikolojik au sikososyal pou moun ki viktim yo paske yo twomatize. Elèv, anseyan, direktè, paran… te merite priz an chaj sa a. Pran yon anseyan ki fin viktim nan yon tranblemann tè, ki pèdi madanm, pitit, paran, zanmi pwòch, vwazen.. epi w mande reprann travay ak tout twomatis la, li pa evidan ke l ap pèfòman. Nan menm lide sa a, mande yon elèv tounen nan klas aprè l fin konstate ke papa l, manman l, frè l, anseyan l, kanmarad li.. mouri, ak tout vye souvni sa yo ki pote nan li yon twomatis anraje, li pa evidan ke l ap ka aprann menm jan an.

Se pa sèlman aspè sikolojik la ki kapab fè anseyan ak elèv yo pa ka byen konstre epi byen travay. Gen anpil lòt aspè ki kapab anpeche yo bay meyè de yo menm tankou aspè akonpayman finansye a paske yo pèdi tout sa yo te posede. Paran yo ki te otonòm vin ap viv sou kont lòt moun y ap tann pou lonje lamen ba yo pou ka satisfè kèk bezwen primè tankou: manje, rad, ekipman pou dòmi, kit ijyenik.. Pa gen yon moun ki ka konpetitif lè li manke tout bagay sa yo. Nan yon kondisyon konsa, menm si lekòl la ta vin reprann aprè kèk tan, pèsonn pa ka espere gran rezilta nan men viktim yo.

Se pa sèlman katastwòf natirèl yo tankou tranblemann tè ki vin mete sistèm edikatif la ajenou. Gen twoup sosyopolitik yo tou ki kontribye pou rann sistèm nan pi vilnerab. Si nou ta konsidere menm epòk la, soti 2010 rive jounen jodi a, genyen yon gwoup ki rele tèt yo opozisyon politik ki te kanpe devan administrasyon prezidan Joseph Michel MARTELLY a ki te vle ranvèse l. Se te manifestasyon sou manifestasyon. Yon bann kandida ki te nan eleksyon ki te pase a kote, ki te konteste fason prezidan Martelly te rive sou pouvwa a, sa w tande a se gwo mouvman politik nan lari ki kreye tout kalte twoub ki fè lekòl fè plizyè semèn pat ka fonksyone.

Kite prezidan Martelly rive sou Jovenel Moïse, menm kout baton an. Sa te pi grav toujou. Nou te vin konstate fenomèn peyi lòk la ki te paralize lekòl pandan plizyè mwa. Lè politisyen isit ap fè mouvman politik, youn nan tout aspè trèz enpòtan ki pou montre ke mouvman an pran oswa reyisi, se lekòl yo anpeche travay. Alòske gen peyi ki nan lagè, yo kite lekòl fonksyone kanmenm. Ou konn jwenn gen de manifestan ki atake lekòl menm pou kreye panik pou fè paran yo pè pou ka kenbe timoun yo lakay.

Sou menm prezidans Jovenel Moise la, COVID-19 vin fè aparisyon l. Maladi sa a te telman ap fè raj nan kèk peyi a letranje, sa te lakoz anpil anpil peyi te oblije adopte sa ki te rele konfinman an ki oblije tout moun rete lakay yo. Sa fè menm legliz te fèmen, m pa bezwen di w pou lekòl. Te gen nòt ofisyèl ki te soti bò kote otorite peyi yo ki te anpeche plis ke 10 moun reyini ansanm epi yo dwe pratike jès baryè yo ki se te pa bay lamen, touse nan koud ponyèt, mete kachnen ke anpil moun te bay tinon baboukèt pou n site sa yo sèlman.

Pou te wè pwogram yo pandan konfinman an, gen lekòl ki te tante travay an liy ak timoun yo. Men travay an liy sa a pat ale pi lwen ke voye leson ak devwa sou watsap bay timoun yo lakay yo. Anpil lekòl antre nan aktivite voye devwa ak leson sou watsap la se te pou ka jwenn agiman pou mande paran yo peye lekòl la menm si timoun yo pat janm ka prezante lekòl la. Malgre konfinman an ki te dire plizyè mwa, lekòl yo te kontrenn paran yo peye yo tout ekolaj ane a nèt. Ministè levasyon nasyonal pat janm di yon mo sou aspè sa a. Menm si paran yo te peye ane a, men se te yon pwogram rabache timoun yo te jwenn.

Pou mete sistèm edikatif la plis ajenou toujou sou prezidans Jovenel MOÏSE fenomèn banditis ak gangteris ki te konn pratike yon ti jan ankachèt anvan sa vin tounen yon mouvman politik ki fèt ak tout libète. Gang yo vin federe epi atake pèp la tout kote. Yo boule kay popilasyon an, vyole fanm ak ti fi, kidnape tout kalte moun, kontrenn popilasyon deplase kite kay yo al viv sou plas piblik, nan lari, al enstale yo nan lekòl.. Fenomèn sa a vin penmèt nan anpil kote lekòl pa ka fonksyone paske zòn sa yo vin sou kontwòl gang. Nou ka site Matisan, Kwadèboukè, Site Solèy pou kapital la; kèk komin nan depatman Latibonit. Pa twò lontan Kafou Fèy ak Maryani pou n site sa yo sèlman vin ajoute lis zòn ki anba otorite gang yo. Nan moman nou ye la a, prèske 3 mwa depi lekòl la louvri, sèlman pou depatman Lwès la, chif k ap sikile nan laprès fè eta de plis ke 20,000 timoun ki pako ka ale lekòl san patko gen pwoblèm Maryani an. Kounya a chif la ogmante. Nou pa ka bliye depatmantal Latibonit ki gen plizyè milye timoun ki pako pran chimen lekòl tou pou menm koz gang yo.

Tout otorite nan peyi a depase. Diskou sou diskou, minis levasyon nasyonal la pako ka penmèt timoun sa yo tounen lekòl. Kote sekirite piblik? Diskou sou diskou premye minis la ki se premye chèf CSPN nan pako ka kwape fenomèn ensekirite a. Popilasyon an livre ak li menm. Tout otorite depase.

Kit se katastwòf natirèl, kit se twoub sosyopolitik yo, premye viktim nan se sistèm edikatif la. Chak jou ki pase, sistèm edikatif la vin pi ajenou. Si se ta vre se edikasyon ki leve yon nasyon; si se toutbon vre tank lekòl la pi avanse nasyon an ap pi avanse, Ayiti ap make pa sou plas. M ap fini avèk yon sitasyon ke m bliye non moun ki di l la ki di :” Tout moun oswa tout sa ki pa avanse fè bak”.

JMG

Quitter la version mobile