Nòt pou laprès: 100 Enspekè eskolè ki te reyisi konkou MENFP ak OMRH te fè an desanm 2020 an

Ayiti, 30 out 2023

Nòt pou laprès

100 Enspekè eskolè ki te reyisi konkou MENFP ak OMRH te fè an desanm 2020 an

Nou menm 100 enspektè eskolè ki te reyisi konkou Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) te fè ansanm ak OMRH, nou salye tout laprès peyi d Ayiti an patikilye epi tout peyi d Ayiti an jeneral.

Se avèk anpil lapèn nou deside sòti nan silans nou jodi a pou n denonse move ajisman ak abi n ap sibi anba men Minis Edikasyon Nasyonal la (Mesye Nesmy Manigat) ak chèf gouvènman an (Premye Minis Ariel Henry) paske nou paka reziste ankò. Lè n konsidere se depi nan oktòb 2020 Ministè Ediksyon Nasyonal te lanse konkou pou l te konble pòs vid nan enspektora a nan 10 depatman jewografik peyi d Ayiti. Nou te fè MENFP ak OMRH konfyans, se sa ki fè nou te deside patisipe nan konkou a ki fèt nan tout peyi a nan desanm 2020 epi avril 2021.

Lè n konsidere MENFP te pibliye rezilta konkou a 6 jiyè 2021 e MENFP ak OMRH te retni 100 Enspektè jan yo te prevwa sa nan avi rekritman an. Nou te panse Leta ayisyen ta pral mete diplòm lisans ak metriz nou yo an valè nan entegre nou nan
fonksyon piblik la pou n vin sèvi peyi nou ak diyite. Men Leta pito itilize rezilta konkou a pou l imilye nou, menm jan l pran abitid fè sa pou tout kad peyi a.

Aprè anpil peripesi mache moute desann nan ministè a, Minis Nesmy Manigat te pwomèt n ap nome n depi nan me 2022. Li te pwomèt tou, l ap fè fòmasyon pou nou.

Lè n konsidere Minis Nesmy Manigat pa respekte okenn nan angajman sa yo. Men li pito aranje l ak Direktè Jeneral MENFP la (Doktè Meniol Jeune) pou l voye yon nòt ki fèt dèyè do lalwa peyi d Ayiti bay 10 direktè depatmantal yo ak lis tout moun ki te reyisi nan konkou yo pou te mande yo akeyi nou kòm enspektè san lèt nominasyon ni kontra travay. Nòt 8 out 2022 sa a te fè nou pran anpil lòt
desepsyon nan men Direktè depatmantal Edikasyon yo, nan sans, yo mete nou nan biwo san okenn lèt nominasyon oubyen kontra travay. Konsa nou gen yon lane an pòs ap travay kòm enspektè san nou pa janm touche yon santim paske nou pa gen ni kontra travay ni lèt nominasyon.

Nou vin nan mikwo laprès jodi a pou nou di nou bouke, nou pa kapab ankò. N ap rele mande sekou ! o sekou !

N ap mande minis Nesmy Manigat ak Premye Minis Ariel Henry pou respekte dwa nou jan lwa sou fonksyon piblik la ak prensip kontinite Leta a egzije sa. Bèl pwomès san aksyon pa fè onè yon dirijan.

Nan sans sa a, n ap mande yo sispann imilye jèn entèlektyèl ak kad peyi a. Sispann pase krèm peyi a anba pye yo pandan anpil kad nan peyi a deja mouri anba bal bandi epi gen anpil lòt ki oblije kouri kite pòs yo pou yo al chache yon pi bon trètman nan peyi etranje.

N ap mande prese prese pou Minis Nesmy Manigat ansanm ak Premye Minis Ariel Henry pou yo nome nou tout enspektè ki te reyisi nan konkou a ki gen yon lane ap travay san touche.

Pou nou fini n ap remèsye tout moun an jeneral ak laprès peyi a an patikilye ki konsyan jan Leta peyi nou ap detwi avni nou an pa nòmal epi ki dakò ede n pou fòse otorite yo pran konsyans pou yo sispann pase jefò nou ak konpetans nou yo anba pye. Mèsi davans!

Yon ti chans pou Ayiti! Yon ti chans pou edikasyon ! yon ti chans pou enspeksyon eskolè a !

Pou otantifikasyon :
Enspektè Tulysse Fedner Enspektè
Sonel Jean Charles
Enspektè Angenor Guerrier
Enspektè Mené Jérémie
Enspektè Esper Dieudonné
Enspektè Jean Saint Thomas
Enspektè Pierre Junel
Enspektè Lagrenade Marie laure
Enspektè Dieudonné Williome
Enspektè Junel Louis Jeune

Quitter la version mobile