Evalyasyon pwogram edikatif: Ant presipitasyon ak vitès

Sou ki baz nou evalye pwogram ansèyman yo?

Tout pwogram dansèyman gen objektif li, kontni l, konpetans li… ki devlope pandan yon tan byen detèmine. Yon pwogram pou 3e sik ta dwe evalye aprè 3 lane tenan kont de ane li kòmanse anseye nan klas 7e ane a.

Yon kontni ki ta sipoze evalye ofisyèlman aprè 3 lane ap rive evalye aprè yon sèl ane. Inisyativ desizyon sa a ta dwe konnen ke se pa klas 9e nan MENFP evalye; men pito se pakou 3e sik la ki chita sou 3 lane detid. Pa gen evalyasyon posib pou yon disiplin ki sou premye ane dansèyman li nan 3e sik.

Sou ki baz yon elèv 9e ki pral fenk fè konesans ak yon disiplin/matyè pral oblije konpoze pou matyè sa a nan egzamen ofisyèl? Twò prese pa fè jou louvri. Ann sispann konfonn presipitasyon ak vitès. Sa ka sèvi pou fè kapital politik, men sa fè feblès sistèm edikatif la.

Nou pa ka bay tèt nou pèmisyon an enpwovize nan tèt yon ministè ki si enpòtan tankou MENFP k ap fòme avni peyi a. Si se konsa avni peyi sa a fenk kare nan salmanaza.

JMG

Quitter la version mobile