Revolisyon Edikatif nan Peyi a: anvi oswa nesesite

Ensp. Marcelin Lenet

Sou kesyon 3 nouvèl matyè ke Minis lan di lap ajoute nan kourikoulòm lekòl fondamantal la, se tap yon bon bagay, si sa ta fèt nan tèt poze, avèk bon jan refleksyon. Se pa yon bagay ke nou ka antre ladan l alavavit, jan m wè anpil moun panse la.

Nan yon Peyi, yo pa anseye yon matyè pou di sèlman ke yo anseye l; yo anseye l jisteman pou ame davantaj sotwayen yo pou konbat ak lavi a. Yo anseye yon matyè pou reponn ak yon bezwen sosyete a genyen, pou rezoud yon pwoblèm oubyen pou amelyore kapasite sotwayen yo.

Konsa, nou konprann trèbyen ke ansèyman yon matyè mande bagay, tankou:
– idantifye bezwen oubyen pwoblèm arezoud la;
– fè pwográm lan;
– eksperimante pwográm lan, sanksyone l, epi adopte l;
– chèche resous pou ansèyman an fèt: lajan, moun, elatriye;

Kounye a, map poze tèt mwen tikesyon sa a yo:
1- Kòm, Minis lan di ke yap koumanse anseye matyè sa a yo ane sa a, ki kote Minis lan ap jwenn pwofesè pou fè sa?

2- Si l jwenn pwofesè yo deja,
a) konbyen yo ye?
b) ki kote yo te fòme?
ch) kote lap jwenn lajan pou peye yo?

Paske m rete kwè ke bagay entegrasyon nouvèl matyè sa a te nan bidjè nasyonal la.

3- ki evalasyon ki fèt deja sou ansèyman matyè sa a yo nan Segondè a, tankou Enfòmatik la, Mizik la ak EPS la? Ki rezilta?

Sa nou konstate sou tèren, aprè 4 lane Segondè a, timoun yo pa ka menm louvri yon laptòp, vwaa pou yo ta travay sou li; yo pako janm mannyen yon enstriman Mizik, vwaa pou yo ta jwe. Sa k pirèd la, menm nan Lise yo, pa gen pwofesè sa yo.

4- Kounye a, annou pran Anglè ak Espanyòl, kote nap anseye matyè depi 7èm A.F pou rive nan NS4, alòske pèsonn pa pale Lang sa a yo, poukisa nou anseye yo? Pou nou kourikoulòm nou yo oubyen?

5- Èske nan tipeyi sa a, nou ka kontinye ap met abse sou klou?
Lekòl piblik nou deja plen pwoblèm deja, tankou:
– manke pwofesè ;
– pwofesè kap travay pandan plis pase 5 lane ki pa janm nome;
– ak sila a yo ki nome, men ki janm touche pandan plis pase 3, 4, 5 lane.

Epi, jodi a, nap di m, e nou vle menm fè konprann ke priyorite a se entegrasyon nouvèl matyè nan kourikoulòm lan. Elas! Franchman, mande tèt mwen sa k ap pase konsa? Anpil konfizyon !

Mwen konprann ke lide a ka bèl, men nou pap gen mwayen pou nou fè sa kounye a, ni ane sa a ni ane pwochèn. Sepandan, mwen byen swete ke nou kenbe l kòm yon pwojè amwayen tèm, annatandan ke nou rezoud pwoblèm ke deja egziste yo. Nou pap met djak sou djak!

Se pou n rezoud pwoblèm Anglè ak Espanyòl la avan, pwoblèm Enfòmatik ak Mizik la, pwoblèm EPS la!

Li lè pou n pi serye nan sa nap fè nan Peyi a. Se lè pou n pran konsyans ke Peyi gen anpil pwoblèm eke nou dwe travay pou n rezoud yo olye pran desizyon pou n agrave yo. Se pou n fè ansòt ke zak nap poze yo pote bon rezilta pou Peyi a!

Lazil, le 25 dawout 2023.

 

Quitter la version mobile