Yon antre lekòl 2023-2024 malouk

Jodi a deja 5 sektanm 2023. Antre lekòl la fikse nan 7 jou ankò selon kalandriye eskolè ke MENFP te pibliye. Radyo edikativ ki se yon ògan MENFP gen tan fè piblisite sou sa. Nan tout radyo, nan televizyon ak nan lòt medya sosyal nou ka tande piblisite k ap pase pou sansibilize tout aktè edikatif yo tankou: paran, elèv, direktè lekòl, anseyan ak tout moun alawonnbadè  sou antre lekòl la. Sepandan gen yon kesyon ke anpil moun ap poze tout kote nan peyi a. Men li: “Pou jan bagay yo ye la a nan peyi a, èske lekòl la ap ouvè lendi 11 sektanm nan toutbon vre?”

Kesyon sa a pa vini konsa konsa. Moun ki poze l yo ap suiv epi konstate reyalite sosyo politik peyi a, reyalite ekonomik paran yo ak sitiyasyon MENFP. Ansuit yo fè analiz nan nivo yo kapab de reyalite sa a yo epi sa vin kreye yon enkyetid, yon pè ble lakay yo. Se sa ki fè kesyon sa a vini nan bouch anpil anpil moun.

Nan aspè sosyo politik la, nou jwenn peyi a k ap viv yon ensekirite egzajere. Prèske chak jou y ap asasinen moun pa bal nan kapital la ak nan kèk lòt zòn anndan depatman Latibonit. Pèsonn pa epanye. Gouvènman an ajenou. Menm yon prezidan repiblik te pase anba woulo ensekirite sa a. Si prezidan ki se bwa vèt pase, ki dira pou pèp ki san sekou! Sa ki krèvkè nan koze sa a se kidnaping nan. Lontan, malere pat konn fè twòp sousi pou kidnaping paske li te parèt tankou yon aktivite ki te regade moun anwo, moun ki gen gwo mwayen ekonomik oswa grannèg. Alèkile pa gen sa pyès. Malfini plonje li pa jwenn poul li pran pay. Yo kidnape tout kalte moun nan kèlkeswa klas sosyal li ye. Pou kounya a w ta di se plis pòv malere ki nan klas ki pi ba a yo kidnape. Chak maten nan youn nan jounal radyo ki gen plis ekout nan peyi a, ou toujou tande moun ki vin plenyen sò yo pou pwòch yo yo kidnape. Yo vin mande bon samariten pote la men fòt ak yo nan kontribye lajan pou yo ka pote bay gang pou libere otaj yo.

Pa gen pèsonn ki pa pè ensekirite sa a. Si yon moun ta montre w li pa pè, blofè l ye. Menm bra politik ki kreye l yo pa fin fè l konfyans. Sa ki pi rèd la, moun ki plase pou rezoud pwoblèm nan sanble depase. Pa twò lontan minis jistis peyi a te di li pa gen anyen k ap fè l pase Matisan, kote sa a ki gen ti non ki rele vale de la mò a. Menm pèsonaj sa a te mande pou chak sitwayen defann tèt li jan l kapab ak sa li genyen. Minis la pa rann li kont ke deklarasyon sa a kapab debouche tou dwat nan yon gè sivil. Peyi a tèlman engouvènab nan men yo, yo tèlman ap remèt monnen, yo te oblije siyen yon dokiman pou  mande nasyonzini pou lame etranje vin foule sòl papa Desalin nan sou pretèks pou nou ka wè yon ti lòsyè sekirite. Jiskaske jounen jodi a, komisyon ki sot nan nasyonzini vini,  yo ale sou pretèks vin fè etid tèren, nad marinad.

Dènye kou ki tiye koukou a se lame gang Gran Ravin nan ki gen pou chèf kaporal Ti Lapli ki fè yon desandèlye nan Kafou-Fèy epi fòse tout moun kite kay yo ak rad sou po kò yo san yo pa konn ki kote yo prale. Kòm konsekans gen plizyè lekòl ki vin tounen abri pwovizwa pou moun sa yo ke gang Gran Ravin nan degèpi epi boule kay anpil ladan yo. Anpil moun ap mande èske lekòl sa yo ap gen tan pare pou resevwa elèv oswa si moun sa yo ki okipe lekòl sa yo ap gen tan kite espas la pou retounen lakay yo pou elèv ka vin lekòl lendi pwochen. Antretan, gang yo menm ap pran plis tèritwa.

Sekirite a se youn nan asirans paran yo bezwen pou voye pitit yo lekòl san kè sote. Anpil fwa w konn jwenn paran ki kouri al chèche pitit yo lekòl anvan ranvwa sou baz yon rimè kèlkonk. Lè konsa tèt direktè lekòl yo cho kon vè lanp. Lè timoun yo pran lari pou al lekòl, se kan yo retounen kè paran yo poze. Yo sou estrès de fason pwolonje, kè yo toujou sou biskèt. Yo panse timoun nan kapab viktim a nenpòt ki moman si se pa èd papa Bondye. Lè gen yon gouvènman ki plase pou garanti sekirite epi ki depase, sa rèd nèt. Moun k ap mande si lekòl la toujou ap ouvè lendi pwochen yo, se pa lekòl yo pa swete ki ouvè. Men sitou pou ensekirite ak kinaping nan ki fè yo mande sa.

Yon lòt kote w jwenn paran yo k ap plenyen ke kanè pitit yo nan direksyon lekòl la toujou, alòske antre lekòl la rive sou yo. Se pa yon sekrè pou anpil moun ke Leta pa gen anpil lekòl nan peyi a. 70 a 80% òf la se sektè prive a ki bay li. Konsa pa gen lekòl sifizan pou klas ekonomik ki pi fèb la voye pitit yo. Sa fè yo oblije mete pitit yo nan lekòl prive yo ki ap mande yon lajan egzòbitan san pafwa w pa wè ki sèvis yo founi pou tout lajan sa a. Sou aspè mande lajan nan lekòl yo, se yon pratik san kontwòl. Pa gen okenn enstitisyon ni MENFP ki janm vle foure bouch yo nan koze sa a. Tout minis ba li vag paske se yon gwo tonton dosye politik ki ka fè yo pèdi djòb la mama yo a. Konsa lekòl prive yo tounen vanpi pou souse tout ti san paran yo.

Nan koze sila a, gen moun ki konn mande si lekòl prive yo gen yon lajan yo konn voye chak ane nan ministè a. Kesyon sa a konn vini paske yo pa janm tande MENFP leve menm ti dwèt li anlè pou defann paran anba lekòl prive k ap monte lajan sou yo chak ane. Gen lekòl ki konn ogmante 20,000 goud menm plis yon sèl kou. Malgre gen lwa senatè Kelly Clindor BASTIEN an ki te reglemante kesyon frè eskolè a, ki vote nan tou 2 chanm nan palman an epi ke prezidan pwovizwa Jocelerme PRIVERT te pibliye nan jounal ofisyèl gouvènman an ki se le monitè. Nan koze frè eskolè a, paran yo pa konn a ki sen pou yo adrese yo. Yo lage poukont yo san okenn sekou.

Nou jwenn paran yo tou k ap plenyen k ap di ke nan tan pase yo, MENFP te konn fè dotasyon ak lekòl yo sitou lekòl piblik yo. Nan patenarya MENFP te gen ak UNICEF, lekòl piblik yo te konn resevwa valiz, kaye, kreyon, je enstriman jewometri… MENFP te konn voye liv nan tout direksyon depatmantal ak inifòm pou lekòl nasyonal yo. Y ap mande poukisa MENFP pa rekòmanse pratik sa a ki te konn byen soulaje yo? Malgre anpil moun ta okouran de dotasyon ki  rekòmanse pou kèk depatman avèk distribisyon liv inik la pou klas 1e ak 2e ane fondamantal, yo pa satisfè. Non sèlman pa gen liv inik pou lòt klas yo epi ta sanble gen paran ki pa fin dakò ak lide pou pitit yo ap aprann an kreyòl la. Sepandan olye pou paran yo ta achte 10 a 15 liv pou 1e ak 2e ane ki t ap koute yon bon ti lajan, liv inik la pèmèt yo rale yon souf. Nan sans sa a, liv inik la byenvini epi pèmèt  paran yo fè yon ti ekonomi. Men kesyon k ap poze:” èske se tout lekòl k ap dakò travay nan liv inik la, oswa nan liv inik la sèlman ?”

Sityasyon sosyopolitik, ekonomik ak edikatif peyi a tèlman pote enkyetid, sa fè w jwenn anpil paran ki pako deside voye timoun yo lekòl menm si li ta ouvè lendi 11 lan. Yo mande ppu repòte antre lekòl la. Sepandan yo pa konnen ki enpak negatif yon desizyon konsa kapab genyen sou sistèm edikatif la ak sou timoun yo. Malgre se yon move desizyon, pafwa w jwenn Leta ki antre ladan l tèt bese. Leta tèlman fèb ekonomikman, sa fè li paka sibvansyone  paran, ni lekòl prive yo, ni elèv yo.

Lè w repòte antre lekòl, timoun yo pèdi yon pakèt jounen travay. Sa fè yo pa gen tan akimile ansanm konesans ak konpetans yo ta sipoze genyen ki koresponn ak nivo yo pou klas y ap fè a. Si paran yo te konnen, se pa lekòl pou yo ta mande repòte. Men pito se Leta pou yo egzije pou pran responsabilite konstitisyonèl li epi ba yo sibvansyon pou voye timoun yo lekòl pi bonè posib.

Gouvènman yo dwe travay pou fini ak ensekirite ak  kidnaping nan pou paran yo ka rete tèt glas lè timoun yo pran lari pou al lekòl. Yo bezwen mete plis lajan nan bidjè edikasyon yon mannyè pou MENFP gen plis mwayen pou l kreye epi konstui plis lekòl piblik nan tout seksyon kominal peyi a, sibvansyon anpil lekòl prive, bay elèv yo liv ak lòt materyèl esansyèl  ki fasilite aprantisaj yo. Si sa fèt konsa, lekòl la va sispann tounen yon gwo fado sou do anpil paran ki pap leve ni lou ni lejè. Konsa, paran yo pap janm mande pou repòte antre lekòl. Okontrè y ap kouri dèyè politisyen bizango, rat do kale ki bezwen fè kapital politik yo sou ranvwaye antre lekòl la. Repòte antre lekòl la se yon trè move desizyon ki kapab bese nivo efikasite entèn ak efikasite ekstèn sistèm edikatif la.

JMG

Quitter la version mobile